Pages

Friday, October 2, 2015

Aristide, Chimeres and the Imperialist Stooges of Haiti



Some recite well-rehearsed lines accusing former president Jean -Bertrand Aristide of drug trafficking while others blithely repeat monstrous tales of how he armed children and killed babies. Yet others now sing that Aristide is a tool in the imperialist arsenal adding an odd syncopated dissonance to the chorus of voices in 2004 that moved from insulting the "rat pa kaka" poor of Haiti to labeling anyone in the streets supporting Lavalas as a "chimere."

Can these people from the streets of Haiti, once again demanding their right to vote in free and fair elections, be dismissed merely as either ignorant chimeres supporting a drug dealing baby killer or the unsuspecting dupes of an imperialist stooge?



Language reflects and refracts power betraying the interests of those invested in its meaning. Let this short video excerpt speak for itself and when you read Aristide's speech on September 30, 2015, the 24th anniversary of the brutal military coup against his democratic government, remember these words:

"Menm si nou foule beton an avè l, bradsou brad sa
Pou egzije anilasyon koudeta elektoral 9 Out la,
M santi nou ta renmen m di nou sa ak vwa pa m.
Mèsi pou konfyans sa a; se pou sa menm m priye,
Mwen reflechi anpil anvan m pran desizyon sa a.
Desizyon sa a pa ka tranpe nan sòs nayivte paske
Menm ti sèvèl wòwòt ki poko janm plonje nan
Dekolonizasyon mantal, deja konsate ke anverite,
Responsab yo chwazi fè seleksyon e non eleksyon."




Here's the full Kreole text of Aristide's speech given in Tabarre on September 30, 2015:


Sè m, Frè m, Ou menm ki bò isit ou k ap viv lòt bò dlo,
M kontan salye w nan lespri Mèm Amou an.
Nan lonbraj Zansèt nou yo, pèmèt mwen
Bay nou chak yon gwo akolad fratènèl e
Anbrase tout ti moun yo ak Jenès Peyi a
Ki gen yon plas espesyal nan fon kè m.
Ak anpil respè, m bese byen ba pou mwen salye

Memwa tout viktim koudeta 30 Septanm 1991 la.
Kò yo tonbe men yap toujou rete vivan nan lespri n.
Swè ak san Ero nou yo pa dwe koule pou granmesi.
Pou leve memwa tout Ayisyen ki sakrifye lavi yo
Pou delivrans Ayiti, ann manyen rasin mo Ayiti a.
Hai vle di non, pa. Tii vle di obeyi nan lang Swaili.
Haitii vle di pa obeyi. Haïti ou Haitii vle di
pa obeyi. Lontan, esklav yo te toujou ap di:
Pa obeyi kolon yo. Jodia, nou di: pa obeyi moun ki
pa respekte dwa moun. Haitii! Pa obeyi esklav
mantal ki nan koudeta elektoral.

Pa obeyi esklav mantal ki refize respekte vòt Pèp la.
Tout moun se moun. Vòt tout moun dwe konte.
Pwen. Sè m, Frè m, Pandan 3 zan silans sa yo, m
toujou koute vwa n. Lè tribilasyon lavi a ba nou
lafyèv, kò mwen cho. Lè nou swaf tande pozisyon m
aklè, m santi sa tou.
Menm si depi 19 Me 2015 Minouche deja fè n wè Ki
kandida m pra l chwazi pou pòs Prezidan Peyi a,
Menm si nou foule beton an avè l, bradsou bradsa
Pou egzije anilasyon koudeta elektoral 9 Out la,
M santi nou ta renmen m di nou sa ak vwa pa m.

Mèsi pou konfyans sa a; se pou sa menm m priye,
Mwen reflechi anpil anvan m pran desizyon sa a.
Desizyon sa a pa ka tranpe nan sòs nayivte paske
Menm ti sèvèl wòwòt ki poko janm plonje nan
Dekolonizasyon mantal, deja konsate ke anverite,
Responsab yo chwazi fè seleksyon e non eleksyon.
Ak espwa verite sa a pap fwase ou ofanse responsab yo
Ki se frè ak sè nou tou, men ki sa mwen obsève toujou:
Radyografi koudeta elektoral 9 Out 2015 la pote tras
Yon maladi ki rele: Négligence spatiale unilatérale.
Sa vle di, kategori malad sa yo wè yon sèl bò realite a.
Egzanp: Lè malad sa yo ap abiye, yo ka mete rad la
Yon bò kò yo e yo pa wè si lòt bò a rete san abiye.
Lè y ap manje nan yon asyèt, yo manje mwatye e
Yo pa wè si yo kite lòt mwatye manje a nan asyèt la.
Maladi sa a parèt biza men se konsa li manifeste paske
Pwoblèm nan chita nan yon zòn sèvo a ki rele lob parietal.
Responsab koudeta elektoral 9 Out 2015 la konpote yo
Menm jan ak malad sa yo ki wè yon sèl bò realite a.
Yon bò yo wè bilten vòt gwo zam fann fwa vle enpoze,
Men yo pa wè ke lòt bò a, se majorite Pèp Ayisyen an
K ap egzije respè dwa li genyen pou l vote nan eleksyon lib.
Tout moun se moun. Donk, vòt tout moun dwe konte. Pwen.
Radyografi koudeta elektoral 9 Out 2015 la montre
Yon 2e tras: li montre tras malad ki anozognozik.
Sa vle di: Malad ki refize aksepte ke yo malad.
Nan ka konsa, solisyon an se dabò mobilizasyon.
Mobilizasyon nou tout ki pa vle Peyi a tonbe
Nan toubiyon goudougoudou politik san parèy.

Ou menm ki depi 11 zan ap monte lesyèl pado,
Nou ki viktim ensekirite, abi, grangou, chomaj,
Jis nap file zegwi san tèt nan blakawout lamizè,
Nou menm kap soufri ak tout Ayisyen ki viktim
Rapatriman sitwayen ki soti Sen Domeng yo,
Ann met ansanm pou evite mal la vin pi mal.
Nou menm pwofesyonèl nan tout branch tankou :
Avoka, enjenyè, agwonòm, enfimyè, doktè,
Komèsan, peyizan, notab, pwofesè lekòl
K ap mare lafimen dezespwa depi 11 lane,
Ann met ansanm pou evite mal la vin pi mal.
Nou menm Jèn ki toupatou, nan pwovens kòm lavil,
Nan inivèsite kòm nan tout baz ak tout katye popilè yo
Ann mobilize pou fè chodyè a sispann bouyi yon sèl bò.
Nou pi plis. Nou se majorite a. Fòk sa bon pou nou tout.
Jan mwen te di nou jou ki te 9 Me 2013 la,
Sonje! Yon sèl machwa pa moulen vyann.
Nou youn bezwen lòt. Respè pou nou tout:
Moun save kòm analfabèt. Analfabèt pa bèt.
Rich kou malere, se antann pou n antann nou.
Aprè 11 lane, fòk nou rekoud drapo inite a.
Men nan men ak tout Ayisyen k ap viv lòt bò dlo
E ki swaf tounen lakay, ann kreye kondisyon pou
Patisipasyon tout moun debyen, tout moun serye,
Tout moun ki pa nan politik men ki konprann ke:
Si n pa sove Diyite n, Diyite n ap sove kite n.
Sè m, Frè m,
Peyi nou an malad grav e pou pi ta pa pi tris,
Fò n mobilize kont koudeta a jis nou rantre
Demokratikman nan Palè Nasyonal avèk
Dr Maryse Narcisse kòm Prezidan Peyi a.
Vote Dr Maryse ak tout kandida Fanmi Lavalas,
Bò Tab la, nimewo 54, se leve yon kokenn defi
Paske konplo a mare ak lajan ki pa rete ak lajan.

Sepandan ! Wi, sepandan !
Bouch an bouch, youn di lòt:
Konplo ki mare ak fòs lajan

Ka demare ak fòs diyite nou.
Bouch an bouch, youn di lòt:

Se pa lajan, se diyite.
Si n pa sove diyite n,
Diyite n ap sove kite n.


Mèsi.

Dr Jean-Bertrand Aristide
30 Septanm 2015, Taba